Followers

Saturday, October 21, 2023

Anons ak kòmansman 7 twonpèt yo

 *Tit: Anons ak kòmansman 7 twonpèt yo*


*Lekti:* Revelasyon 8:1-9


*Tèks dò:* Jou pou Seyè a vin jije a pa lwen rive. Se pou tout moun pe bouch yo devan Seyè a. Sofoni 1:7


*Entwodiksyon:* Nou sonje, lè Jezi te louvri sizyèm so a, lemonn te pran pan, lezòm l'ap rele pou mòn yo tonbe sou yo. Men rive nan chapit 8 la, nou wè Bondye voye yon lòt seri gwo jijman sou tè a. Lè zanj lan sonnen katriyèm klewon an, yon tyè nan solèy la, lalin lan ak zetwal yo vin domaje. Kòman li posib, si nan sizyèm so a solèy la te deja vin nwa epi anfen tout syèl la te disparèt, e kounyeya tout la ankò epi sèlman yon tye vin domaje? Bon, nou te deja di ke liv pwofetik yo pa toujou bay evenman yo nan lòd kwonolojik. Nou kwè 7 so yo, 7 twonpèt yo ansanm ak 7 gode kòlè Bondye yo ke nou va wè nan chapit 16 la pale sou menm lè a ki se gran tribilasyon an. Nan tan sa a tèlman va gen pwoblèm, yon seri imaj tankou so yo oubyen twonpèt yo pa t' ka montre tout sa k' va rive. Konsa Bondye montre l' twa fwa. Ann gade ansanm detay yo ke lapot Jan di nou nan premye pati Revelasyon chapit 8 la.


*I. Jezi kase sizyèm so a (vs. 1-5)*


Lè Jezi kase setyèm sele a, zanj yo ansanm ak gran foul moun devan twon Bondye a rete chante pou yon demi èdtan. Selon Revelasyon 4:8, kat bèt yo chante san rete. Men, nan moman sa a ou pa tande bèl chan adorasyon yo ankò. Se yon sèn dramatik nou pa ka imajine. Pwofèt Ansyen Testaman yo te deja wè silans sa a an relasyon ak gran tribilasyon an. Sofoni 1:7 di: "Jou pou Seyè a vin jije a pa lwen rive! Se pou tout moun pe bouch yo." Anvan 7 so yo te louvri, Bondye te kreye sitiyasyon an ak liv 7 so yo ke okenn moun pa t' ka louvri (Rev. 5:1-5). Lapot Jan t'ap kriye paske yo pa t' ka jwenn pèsonn ki te gen otorite pou fè sa. Aprè sa se Layo Bondye a ki te parèt. Sèn sa a te souliye gran enpòtans ak otorite Jezi. Èske silans sa a petèt vle souliye yon bagay tou?


Lè nou gade sa k' rive nan chapit 8 la nan relasyon ak silans la, nou wè 7 zanj ak klewon nan men yo. Men, yo poko kòmanse sonnen klewon yo, paske gen yon lòt zanj ki bezwen boule lansan ki santi bon sou lotèl fèt ak lò ki devan twòn nan anvan. Lè lafimen ofrann nan monte, ki senbolize adorasyon an, lapriyè pèp Bondye a monte tou. Yon pi bon tradiksyon tèks la di: lapriyè "sen yo" monte ansanm ak bon ode ofrann nan. Kilès "sen" sa yo k'ap priye?


Nan Nouvo Testaman an, yo rele tout kwayan yo sen, paske yo stifye devan Bondye (Wom 1:2; 1 Kor 1:2; Eféz 1:1), yo pa rele kretyen ki deja mouri yo sen. Konsa nou kwè se 144 mil yo ansanm ak tout lot kwayan yo k'ap priye lè sa a. Yo priye pou Jezi retounen (Rev. 22:17,20) epi pou l' delivre yo devan malen an (Mat 6:13). Avan Jezi vini pou tabli Wayòm li, fok Levanjil la preche nan tout nasyon yo epi fok Satan ansanm ak tout bann zanj epi moun k'ap sèvi l' yo fin jije. Lè nou priye "Que ton règne vienne", nou priye pou 2 bagay sa yo vin fèt. Nou santi, Bondye asire nou ak silans sa a ke l' tande lapriyè nou. Lapriyè pèp li sitèlman enpòtan pou Bondye, li ban nou imaj ke I' menm fè mizik nan syèl la kanpe pou l' koute nou.


Lè zanj lan ki te ofri lansan an fin fè sakrifis la, li te ale bò lotèl la, li plen lansanswa a ak dife epi li vide l' sou té a. Menm moman an te gen tonè zeklè, tranbleman tè ak anpil rèl. Sa montre nou gen reyaksyon nan syèl la lè nou priye, menm si anpil fwa nou pa wè l' touswit. Pandan tout tan ofrann lan, 7 zanj yo ak 7 klewon yo te kanpe ap tann pou yo ka antre an aksyon. Sanble se lapriyè pèp Bondye a menm ki mete 7 zanj sa yo an aksyon. Ann gade sa k' rive le zanj yo ap kònen klewon yo. 


*II. Premye zanj lan sonnen twonpèt li (vs. 6-7)*


Lè premye klewon an kònen, yon grèl plen dife ak san tonbe sou late. Kalite grèl sa a se yon grèl ekstraodinè tankou nou wè l' nan Egzòd 9:23-26. Men sa isi a pi grav, paske li mele ak dife. Vòlkan yo konn pete gwo wòch tou wouj, paske yo cho anpil, epi yo vomi lav ki sanble ak san. Sanble plè sa a ap gen toude, gwo lagrèl ak anpil vòlkan pete. Yon tyè latè ap boule, yon tyè pye bwa ak zèb yo boule.


Mezanmi nou kwè ke bagay sa a va reyèl epi terib. Bondye di Job: "Èske ou gentan wè depo nèj la ak depo grèl la mwen kenbe an rezèv pou lè gran detrès la ak lagè a?" (38:22-23) Letènèl te deja ouvri depo sa yo le li t'ap jije peyi Lejip paske farawon an te fè tèt di (Egzòd 9:22-25). Nan yon sèl èdtan bèl jaden yo te vin detwi. Bondye pa manke pouvwa pou fè ankò, men pi grav. Mechan yo ap peye tout sa yo fè ki mal. III. Dezyèm zanj lan sonnen twonpèt li (vs. 8-9)


Lè dezyèm zanj lan sonnen twonpèt li, yon bagay tankou yon gwo mòn k'ap boule tonbe nan lanmè a. Yon tyè bèt vivan nan lanmè a mouri, yon tyè batiman ki sou lanmè a peri. Sa se gwo zafè. Kisa sa ye? Nan Apokalips nou ta di ke lanmè se senbòl pou lemonn (Rev.17:15), epi nan liv pwofetik yo, yon mòn kapab yon puisans politik (Jeremi 51:25). Nou kwè se sa k' va pase menm. Yon gwo prezidan ak tout peyi li pral tonbe. Nan Danyèl 7:7,20,24 nou wè nan 10 wa ki pral reye alafen, antikris la pral kraze twa ladan yo. Nou kwè se sa k pral rive nan dezyèm kout twonpèt la, Antikris la pral goumen ak yon wa rebèl ki pa vle swiv li. Wa sa a pral tonbe ak tout peyi li, epi petèt va gen lòt wa avè l'. Se pa de twa bonm ki tire, kout zam tire. Sanble menm peyi sa a pral boule. Rezilta a sè ke san vèse, yon tyè pwason ak moun mouri, yon tyè kay ak bato peri. Latè ap depafini nan dife.


*Konklizyon:* Nan dènye tan an, kòlè Letènèl va terib. Ebre 10:31 di: "Se yon bagay terib wi, pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an." Nan menm tan, nou wè Letènèl pa janm chanje. Li gen kè sansib pou pitit li yo, li koute lapriyè yo, li montre yo jan li renmen yo. Sa dwe fè nou vin pi cho nan sèvis nou pou Seyè a, Bondye nou an.


*Devwa yo*

1. Eksplike sa k' te rive lè Jezi te kase setyèm so a.


2. Kisa ki te souliye enpòtans ak otorite Jezi nan kòmansman Revelasyon chapit 5 lan?


3. Lè silans lan, kisa yon zanj te fè devan Twòn Bondye a? 


4. Lè zanj lan fin fè sakrifis la, kisa li te fè ankò? Kisa k' te rive menm moman an?


5. Ki leson nou tire nan sèn sa a?


6. Kisa k' te rive lè premye zanj lan t'ap sonnen twonpèt li?


7. Kisa Jan te wè lè dezyèm zanj lan t'ap kònen klewon li?


8. Kisa lanmè a kapab senbolize? Epi yon mòn? Ki limyè Danyèl 7:7,20,24 bay sou dezyèm twonpèt la? Kisa k kapab rive sou latè lè sa a?

No comments: