Followers

Wednesday, March 22, 2023

8 etap pou w kreye kont ou nan nouvo pwogram imigrasyon an Biden nan


 

8 etap pou w kreye kont ou nan nouvo pwogram imigrasyon an Biden nan

Nan kad nouvo pwogram imigrasyon administrasyon Biden-Harris la lanse pou pèmèt migran ki soti Ayiti, Venezuela, Nikaragwa, Kiba, moun ki enterese vi n sipòte ap bezwen kreye yon kont pèsonèl pou ka ranpli fòm epi founi enfòmasyon nesesè sou tèt li. Suiv etap ki nan atik la pou w ka kreye kont pa w la.

Etap 1

W ap klike sou lyen sa pou ka monte dirèkteman sou sitwèb ofisyèl Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS) an.

Etap 2

W ap gade anlè epi agoch ekran telefòn oswa òdinatè ki nan men w lan, w ap klike sou pati ki make MENU an (li gen 3 ti ba bò kote l). Aprè w ap klike sou Create Account.

Etap 3

Ekri imèl ou epi konfime l kote yo montre w la.

Etap 4

Nan pati sa, w ap ekri imèl ak modpas ou epi w ap klike sou Sign up.

Etap 5

W ap ale toudsuit sou bwat mesaj ou kote y ap voye yon kòd pou ou. Aprè w ap klike nan lyen ki gen koulè ble a.

Etap 6

W ap mete kòd yo te ba w la nan pati ki make “verification code” la.

Etap 7

Nan pati sa, y ap poze w 5 kesyon pèsonèl ki fasil, w ap reponn yo.

Etap 8

Aprè w ap klike sou login USCIS SERVICE, epi kont lan ap tou kreye.

Li atik ki anba a pou w konnen plis enfòmasyon sou ki moun ki kapab esponnsorize w nan pwogram sa.

 

No comments: